Apre lapolis fin viktim yon lòt fwa ankò anba men gang ak zam dimanch 9 jen an kote yo touye 3 polisye, disparèt youn epi blese yon lòt, san konte zam polisye sa yo bandi yo pote ale ak yon cha blennde yo boule, otorite nan Leta yo pa sispann esprime endiyasyon yo.
Konsa, apre Edgard Leblanc Fils ki se Prezidan Konsèy Tranzisyon an, se tou pa Premye Minis Garry Conille ki montre jan li endiye tou nan yon mesaj ki pibliye sou kont ofisyèl primati a jodi 10 jen an.
Doktè Garry Conille fè konnen li endiye anpil pou sa ki rive polisye yo ki pran nan yon anbiskad. Li di li voye senpati li bay pwòch polisye ki viktim yo, ansanm ak yon panse espesyal pou tout lòt polisye ki viktim nan menm sikonstans sa yo, pandan li fè kwè Leta dwe akonpaye fanmi yo nan diyite. Li di non polisye sa yo dwe rete nan memwa tout moun kòm polisye ki gen kouraj ki sakrifye lavi yo pou pwoteje sosyete a.
Premye Minis la kondane zak kriminèl sa yo pandan li pwomèt pou konbat san pran souf kont vyolans ak enpinite.
Nouvo chèf Primati a fè konnen depi gouvènman li a fin monte, l ap pran tout mezi ki nesesè pou mache sou bandi yo kote yo kache a. Li fè konnen y ap arete yo, jije yo epi kondane yo daprè lalwa.
Li fè konnen li toujou detèmine pou ranfòse mezi sekirite pou fòs lòd yo ansanm ak tout sitwayen yo.
Anfen Premye Minis la mande popilasyon an pou li potekole san rezèv ak otorite yo nan ba yo enfòmasyon k ap pèmèt yo arete responsab zak sovaj sa yo. Li di nasyon an ap ranpòte laviktwa epi lapè ap retounen.
