Fineray 3 Polisye UTAG yo chante nan Akademi Polis la

Se vandredi 21 jen 2024 la fineray 3 Polisye Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) ki te tonbe nan zòn Sanfil 9 jen pase a te chante nan Akademi Polis la sou wout Frè.

Nan okazyon sa a, Premye Minis Ayisyen an, Doktè Garry Conille te pwofite al rann Polisye sa yo yon dènye omaj.

«Patisipasyon mwen maten an nan fineray 3 Polisye UTAG yo se pou mwen yon moman ki chaje emosyon. Mwen koube m byen ba devan sèkèy Peterson Clovis, Wilken Jean Junior Piton ak Emelin Occilien Fermitus, bandi te touye dimanch 9 jen 2024 nan Ba Dèlma.» Se sa Premye Minis la te deklare.

Li deklare tou li di yo mèsi pou sèvis yo te rann nasyon an epi li pwomèt yo ansanm ak pwòch yo sakrifis yo a p ap fèt pou granmesi.

N ap raple Polisye sa yo te tonbe anba atak gang ak zam k ap fè popilasyon ayisyèn nan monte maswife depi kèk tan nan simen dèy ak dezolasyon ki pa epanye menm fòs lòd yo. Yo te pran Polisye sa yo nan yon gètapan jou dimanch 9 jen sa a. Kanta fòs Polis la ki te bezwen yon nouvo souf, genyen yon nouvo Direktè Jeneral ki  se Mesye Rameau Normil ki fèk nome nan tèt li.

Popilasyon an ap rete tann kisa nouvo Direktè Jeneral sa a ki te deja fè eksperyans nan tèt Lapolis la pral pote pou pèmèt li rale yon souf anba gang ame yo ki vle se lalwa yo ki pou aplike nan peyi a.

Description de l'image