Apre yon malèz sibit li te fè samdi 8 jen an kote yo te kouri avèk li lopital pou l al pran swen, Premye Minis Doktè Garry Conille soti lopital epi li tou voye yon ti mesaj lespwa kenbe kè pou popilasyon an dimanch 9 jen an
Premye Minis la fè konnen li byen epi l ap batay. Li di pwoblèm li te genyen an ede li konprann pi byen nan ki mera popilasyon an ye paske li pa gen aksè a swen sante. Doktè Conille fè konnen si pa te gen lopital ak doktè pou pran swen li, sa te ka pi mal pou li.
Li fè konnen li espere gouvènman li a ap kanpe avan lontan pou li kapab abòde gwo pwoblèm k ap fè popilasyon an monte lesyèl pa do yo.
Anfen Premye Minis la remèsye tout moun ki te kanpe avèk li nan moman difisil sa a li te konnen an.
