Selon yon kominike Biwo komimikasyon Primati a pibliye, li fè konnen se apre yon semèn chaje aktivite Premye Minis Garry Conille rive fè yon malèz apremidi 8 jen an. Konsa li te ale lopital pou li resevwa swen.
Kominike a fè konnen Premye Minis la estab pou kounye a epi li remèsye Mann Konsèy Tranzisyon yo ki te vizite li epi li salye popilasyon an pou afeksyon li ba li.
