Depi li retounen nan tèt primati a nan dat 3 jen 2024 la, si gen yon bagay Premye Minis Doktè Garry Conille pa manke fè se rankont isi, rankont laba. Menm si pwoblèm yo toujou rete antye, lari a toujou sal pase peny ti dan, sitwayen ak sitwayèn toujou pa ka mache nan peyi a, menm zòn Channmas la kote palè nasyonal la ye, pi gwo otorite peyi yo mawon li, ekonomi an sou lagraba, popilasyon an pèdi espwa, menm si yon moun pa kapab di gen yon aksyon reyèl ki pran nan sans pou bay pèp la satisfaksyon, Premye Minis la ak gouvènman kenbe aktyalite a depi yon mwa.
Soti nan enstalasyon manm kabinè, pase nan retrèt gouvènman, rankont ak reprezantan Digicel ak Natcom, rankont ak manm sektè prive, rankont ak ajan egzekitif vil zòn metwopolitèn, rankont ak pèsonèl teknik KEP, rankont ak manm konsèy administratif Bank Santral, rankont ak ADIH, rankont ak reprezantan peyi zanmi, rankont ak manm CSPN, epi finalman rankont ak Manm Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif plis rankont ak wo kòmandman lame d Ayiti, Premye Minis la prèske tounen yon Premye Minis rankont. Pou ki rezilta ? Sèlman gade sitiyasyon peyi a.

Efektivman, jodi vandredi 28 jen 2024 la, avan li te vwayaje pou peyi Etazini pou al rankontre kèk gwoup etranje, Premye Minis Garry Conille te rankontre Manm Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif yo pou diskite sou mekanis pou rann kont, lit kont kòripsyon, enpinite ak netwayaj nan administrasyon piblik la yon pa, yon lòt pa li te rankontre Wo Kòmandman Fòs Lame d Ayiti yo kote yo te diskite sou kolaborasyon ki nesesè avèk Lapolis Nasyonal d Ayiti ak fòs etranje yo, pou yo pataje enfòmasyon ak planifye egzèsis ansanm pou ranfòse sekirite.
