Nan yon seremoni jounen lendi 3 jen 2024 la pou te make antre an fonksyon Doktè Garry Conille kòm Premye Minis Tranzisyon an, nouvo chèf gouvènman an ta sanble vle montre li pa gen tan pou pèdi.
Nan yon entèvansyon tou kout li fè devan Manm Konsèy Tranzisyon an ak kad nan primati a, Doktè Conille di li konsyan de ijans ki devan li, men lè li gade atmosfè ki andedan konsèy la, epi sou baz tout diskisyon li di li genyen avèk yo nan dènye jou sa yo, li sèten y ap rive delivre sa yo pwomèt la.
Tankou yon Doktè ki byen prese ki pral antre nan sal operasyon ak yon malad ki sou wout pou trepase, li di manm Konsèy Tranzisyon yo : « An n al travay.»
Doktè Garry Conille ki te jwenn benediksyon Konsèy Tranzisyon an pami yon dividal kandida pou pòs Premye Minis la rantre nan peyi a samdi 1e jen an. Yon jou apre, li te fè yon ti virewon nan sant vil kapital la anba gwo eskòt sekirite.
Pami tout doktè ki pase nan primati a ki montre Ayiti pa gen chans ak doktè menm, pèp ayisyen an ta dwe priye pou Doktè Conille ta gen bon piki a fwa sa a pou li ta resi rale yon souf.
