Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre yon delegasyon Nasyonzini

© Primati

Nan yon kominike pou laprès, Primati a fè konnen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te rankontre yon delegasyon Nasyonzini jou jedi 30 janvye 2025 la.

Se Sousekretè Nasyonzini pou Ewòp, Azi Santral ak Amerik ki t ap dirije delegasyon sa a ki t al rankontre Premye Minis la.

Rankont sa a te chita sou sitiyasyon jeneral peyi a ak defi moman yo. Premye Minis la te gen okazyon prezante yon bilan sou travay gouvènman li a pou eseye pote repons pou bezwen popilasyon an.

Mesye Miroslav Jenča li menm ansanm ak tout delegasyon an te renouvle angajman Nasyonzini pou akonpaye Ayiti pandan peryòd tranzisyon an, pandan y ap kore jefò nasyonal yo pou estabilite ak devlopman kapab tounen yon reyalite.

Description de l'image