Nan yon kominike pou laprès ki soti nan Primati nan dat 21 novanm 2021, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé reyaji sou dènye evènman vyolans ki pwodui nan kapital la nan dat 18 ak 19 novanm 2024 la.
Kominike a fè konnen Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé konprann kri lejitim popilasyon an k ap mande pou sekirite piblik retabli nan peyi a. Nan sans sa a, Chèf gouvènman an fè konnen li deja pran mezi pou ranfòse sekirite nan prensipal wout nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, pandan li renouvle detèminasyon li pou debloke tout wout yo pou moun ak byen kapab sikile libelibè.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pwofite mande sitwayen ak sitwayèn yo potekole pou lapè sosyal la kapab rive byen tabli nan peyi a. Li mande popilasyon sivil la, Lapolis Nasyonal d Ayiti ak Fòs Lame d Ayiti pou yo fè yon sèl pou defann enterè jeneral la ki dwe parèt avan tout bagay.
Kominike Primati a presize pi lwen efò pou konbat ensekirite a ranfòse depi nouvo gouvènman an enstale. Li fè konnen nan sans sa a gen yon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal (CSPN) ki te òganize nan dat 20 novanm 2024 kote yo te rive kontinye sekirize zòn sansib yo epi rekòmanse distribisyon pwodui petwolye yo, pandan gouvènman an te pèmèt moun ki te kouri kite kay yo jwenn asistans nan respè dwa yo ak diyite yo.
Anfen, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé renouvle angajman li pou pote solisyon dirab pou pwoblèm popilasyon an ap konfwonte yo. Konsa, li mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite. An menm tan, li raple fòs lòd yo pou yo aji ak fèmte ak detèminasyon pandan y ap akonpli misyon yo. Li pwomèt tout gouvènman an pral travay rèdchèch pou retabli sekirite nan peyi a.

