Premye Legliz Batis Pòtoprens : Metye Papa nan yon peyi yo detwi 

KF: Premyè Legliz Batis Pòtoprens sou Facebook

Dènye dimanch mwa jen se jou yo selebre papa nan peyi d Ayiti. Nan legliz evanjelik yo, yo konn pwofite jou sa a pou onore papa yo pou sa yo reprezante nan sosyete a, espesyalman nan lavi fanmi yo ak pitit yo. Se konsa nan sèvis adorasyon nan Premyè Legliz Batis Pòtoprens, nan jou dimanch 30 jen 2024 sa a, yo te mete papa yo alonè. Menm si sèvis la te genyen yon karaktè òdinè, pandan tout dewoulman li, selebran yo pa te manke raple tanzantan karaktè espesyal jou sa a ki se fèt tout papa yo. Men nan mesaj sikonstans li, Pastè Dorsainvil Saint-Fort te mete aksan sou jan nou ta dwe viv selon egzijans Bondye pou papa yo kapab akonpli misyon yo san traka nan yon sosyete k ap viv nan lapè. Mesaj li a pa te sèlman konsène papa yo, men tout sosyete a ki ta dwe pran konsyans yo p ap mache selon volonte Bondye lè nou kondidere tout vyolans initil, tout traka lamizè lapèn ki karakterize lavi Ayisyen jounen jodi a.

Fyète Kreyòl Enfo ap pataje mesaj Pastè Saint-Fort a avèk lektè li yo pandan l ap envite yo reflechi nan okazyon jounen espesyal sa a.

Pastè Dorsainvil Saint-Fort

Frè m ak sè m yo nan Kris, fidèl Premye Legliz Batis nan Pòtoprens, oditris, oditè ak entènot k ap koute nou tout kote, se pou gras ak lapè Bondye avèk nou !

Nou pa janm sispann di Senyè a mèsi pou tout gras li fè nou. Nou rekonesan anvè li anpil paske li chwazi nou nou pote pawòl li nan dènye dimanch mwa jen sa a, dimanch peyi nou an ak asanble nou an, Premye Legliz Batis Pòtoprens, konsakre pou tout papa yo.

Nou konnen metye papa se pa yon metye ki fasil. Se nan yon kous nou rantre pou tout rès lavi nou. Bondye chwazi nou paske li konnen nou kapab rive nan dènye bout kous sa a. Selon sa li vle, nou dwe yon papa ki sevè men tou yon papa ki plen lanmou, k ap montre pitit li chemen an. Yon papa ki plen lanmou, menm jan ak papa nou ki nan syèl la. Nou pwofite pou nou ba ou tout souwè lanmou, bòn fèt epi anpil bonè

VIV SELON EGZIJANS BBONDYE ! Se tèm sa nou tire nan pasaj sa a nan pwofesi Miche, chapit 6, vèsè 1 a 8. Men vèsè 8 la, se li menm k ap baz mesaj maten an.

Pou li fè Bondye plezi, kretyen an dwe mennen lavi dwat nan tout aksyon li yo nan sosyete a.

Otè liv la ki pote non li kote tèm ki trete ladan li a se JIJMAN ak WAYÒM, liv sa a ki te ekri nan 8èm syèk avan Jezikri, Miche vle di : «Kilès ki tankou Senyè a ?» Li t ap viv nan menm peryòd ak Ezayi epi li te pwofetize nan Sidwès Jerizalèm. Samari, Jerizalèm, Jida, Izrayel ak nasyon yo se sa ki te konsène pwofesi li yo.

Lè sa a Asiri se te puisans etranjè ki t ap domine. Mesaj Miche yo te adrese bay kapital la, Samari ak Jerizalèm ki te sant enfliyans nasyon yo nan epòk la. Bondye te mande Izrayèl ak Jida pou yo te kite peche yo, pou yo te tounen vin jwenn li. Li te mete devan yo menas Asiri ki se fwèt li te kapab itilize pou fwete yo lè li an kòlè. Apre sa li konkli avèk anons laglwa Mesi a ki te gen pou vini etabli rèy jistis li a.

Bondye vle pou nou viv selon egzijans li. Pou li fè Bondye plezi, kretyen an dwe mennen lavi dwat nan tout aksyon li yo nan sosyete a. Gen yon kesyon k ap toumante nou maten an epi nou ta renmen vini ak kèk repons pou li. Kisa kretyen an  dwe fè pou li viv selon egzijans Bondye ?

Pou li viv selon egzijans Bondye, yon kretyen dwe viv selon 3 prensip kle sa yo : premyèman, li dwe pratike lajistis (vèsè 8 a), dezyèmman, li dwe gen kè sansib (vèsè 8 b), epi twazyèmman, li dwe mache san logèy devan Bondye (vèsè 8 c)

Premye prensip kretyen an dwe aplike pou li viv selon egzijans Bondye, li dwe pratike lajistis daprè vèsè 8 a kote nou li pawòl sa yo : «Senyè a te montre ou sa ki byen, tout sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat.»

Pratike lajistis vle di klè obeyi lwa Bondye yo nan relasyon nou yo ak pwochen nou. Sa mande pou nou respekte moun ak byen moun. Sa mande patikilyèman pou nou respekte dwa lòt moun, pou nou onèt, pou nou dwat, pou nou pa nui lòt moun.

Lajistis koresponn toudabò ak yon ideyal filozofik epi moral ki debouche sou nosyon egalite ant sitwayen yo epi pou pa gen fòs kote nan relasyon yo.

Frè m ak sè m yo nan lafwa, lè nou pale de jistis Bondye se retounen nou retounen ak nosyon peche oswa enfidelite, oswa lanfè. Chak fwa nou di Bondye se lanmou, nou pran distans nou avèk yo. Se yon bagay ki tèlman enpòtan, nou jwenn li site 523 fwa nan bib Ebre yo sou plizyè fòm diferan. Li fè referans ak libète, egalite, ekite, moralite, ak lapè sosyal. Nou li nan Pwovèb 14 v 34 : «Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.»

Pami enjistis sosyal ki pi tèrib, nou genyen pa jwenn manje pou ou manje lè ou grangou, pou ou pa kapab bay pitit ou manje kòmdadwa, pou y ap gade ou mal sou baz kote ou soti, sou baz koulè ou, sou baz sitiyasyon sosyal ou.

Byenneme, n ap viv nan yon sosyete ki tèlman gen lenjistis, pa gen liv ki kapab kenbe yo si nou t ap ekri yo nan liv. Lè salé w ap touche a pa gen anyen pou wè ak kantite travay ou fè, sa se eksplwatasyon, se lenjistis. Lè nou montre nou renmen pwòp pitit nou epi n ap maltrete timoun ki rete avèk nou, se lenjistis. Lè yo fòse moun yo kite kay yo, yo boule yo apre yo fin piye yo, se yon krim, se lenjistis. Lè politisyen san manman mete zam nan men gwoup kriminèl pou masakre yon popilasyon san defans, se lenjistis ankò. Lè y ap vòlò, y ap vyole, y ap touye, y ap ansasinen san lajistis peyi a pa di anyen, apre sa y ap vin voye ti dlo swadizan pou touye dife, èske se pa lenjistis ?

Jodi a Ayiti ap travèse yon kriz ki grav anpil nan anpil sans. Divizyon fin ravaje klas politik la, anpil enstitisyon yo gen anpil gwo difikilte, se kòripsyon k ap louvri zèl li tout kote. Lajistis pa fè anyen pou ta pousuiv moun ki te foure men yo nan lajan Leta byen fon. Lè ou tande entèdiksyon depa kont yon gwo pwa lou, se pou lafòm, bagay pou fè timoun dodo. Se jwèt koken, jwèt mètdam k ap regle, paske tout moun yo se zanmi. Se yon kesyon de ti pas kout. Se yon gwo konplo. Yo òganize yo, mete kò yo yon jan pou sistèm nan toujou jwe an favè yo. Kòm rezilta, rich yo vin pi rich, pòv yo vin pi pòv, fanmi yo pa konnen ni si pou yo monte, ni si pou yo desann.

Otorite yo ki mare sosis yo ak gang yo pa jennen pou y ap pale de tèritwa pèdi. Menm wont yo pa wont. Ensekirite a ap renye an mèt e senyè. Lamizè ap domine, epi peyi a ap mouri anba je otorite yo ki fè kòmsi yo pa wè. Epoutan otorite sa yo ta dwe konstate yo pa kapab pou yo ta mete kle a anba pòt la.

Pwofèt Ezekyèl ki te resevwa don ki soti nan Bondye di nou nan vèsè 21 ak 22 chapit 18 liv li a : «Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache daprè lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p ap mouri. Sèten l ap viv. Yo p ap sonje tout peche li te konn fè yo, l ap viv paske li te fè sa ki dwat ».

Nou menm k ap fè tout kalite krim ki bay moun kè plen, Pwofèt Ezayi nan pwofesi li ki genyen yon karaktè inivèsèl di nou pawòl sa yo nan chapit 55 vèsè 7 liv li a : «Se pou mechan yo kite move chemen y ap suiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l ap padonnen tout sa yo fè.»

Nou menm politisyen, nou menm ansasen, nou menm gang, nou menm gwoup kriminèl nan peyi sa a, kit nou abite nan lelit oswa nou abite nan bidonvil, swa nou te sèvo vyolans la oswa se mennen y ap mennen nou, se pou nou rekonèt nou koupab nan sitiyasyon katchouboumbe Ayiti twouve li la a. Nou vin selèb nan move sans, tèlman nou konpòte nou mal, tèlman nou aji mal. Koup mechanste nou prèske plen ap ranvèse. Pa kontinye rale kòlè Bondye sou nou.

Isiba, nou kapab grese lapat jij yo lè nou ofri yo gwo mago lajan. Semèn pase a nou te li sou facebook sa ki te rive Kenya kote yon polisye te tire yon jij paske li pa te satisfè pou yon jijman jij la te rann kont madanm li ki te mele nan kòripsyon nan tout kò li. Men jijman Bondye, nou p ap ka fè anyen kont li. Depi li fin pwononse vèdik la, pa gen anyen n ap kapab fè. Tout sa nou kapab fè, se repanti, obeyi lwa Bondye yo nan relasyon nou yo ak pwochen nou.

Pratike lajistis mande pou respekte moun ak byen moun. Ou pa gen dwa ap boule lekòl ak inivèsitè. Se la pou pitit ou al pran tikal konesans. Poukisa ou boule legliz k ap sèvi sosyete a? Petèt se andedan legliz yo te prezante ou, petèt se la manman ou ak papa ou te marye. E lè yo mouri se la fineray yo ap chante. Poukisa ou boule lopital ? Epoutan si ou malad, se la pou ou jwenn swen.

Nou sanble ak eskòpyon an ki pike pwòp tèt li.

Pou ki rezon ou boule kay moun ki nan menm kondisyon sosyal ak ou ? Ou fè yo viv nan pèkmèl, san entimite, nan malpwòpte, kote yo enfekte paske yo pa jwenn sante. Sa ki lakoz paran yo lage de bra balanse. E papa sa yo n ap fete jodi a pèdi tout otorite sou timoun yo, paske yo pa ka reponn ak bezwen yo. Ou mete yo deyò lakay yo, ou piye, boule. Ou voye yo al dòmi nan lari, nan seren, tandiske ou menm w ap dòmi andedan kay. Si lapli vini, ou p ap mouye. Men yo menm, èske ou panse ak yo ?

Pratike lajistis mande pou nou aji dwat ak pwochen nou, pou nou pa nui li. Sòm 15 m ap envite nou li, menm jan ak Ezekyèl chapit 18 vèsè 5 a 9 ak chapit 33 vèsè 14 ak 15 osinon mesaj Jan Batis la nan Lik 3 vèsè 10 a 14, yo bay yon lis egzanp sou pratik lajistis.

Pou li fè Bondye plezi, kretyen an dwe mennen lavi li dwat nan tout aksyon li yo nan sosyete a. An nou raple nou premye prensip kretyen an dwe aplike pou li viv selon egzijans Bondye, li dwe pratike lajistis.

Dezyèm gwo prensip kretyen an dwe aplike pou li viv selon egzijans Bondye, li dwe gen kè sansib daprè vèsè 8 b kote nou li pawòl sa yo : «Se pou ou gen sansib nan tout sa w ap fè.»

Gen kè sansib, sa vle di manifeste pitye, montre ou janti epi padone lòt moun. Mo kè sansib la tradui 2 tèm biblik. Premye a vle di zantray, dezyèm nan vle di yon lanmou fidèl. Kè sansib la se yon karakteristik Bondye menm li genyen nan li menm pou kreyasyon li.

Èske nou pratike lajistis nan relasyon nou ak pwochen nou yo ? Èske nou montre nou bon, nou gen pitye pou yo ? Èske nou pare pou nou akonpli zèv kè sansib sa yo pou nou bay moun ki nan grangou manje, bay sa ki swaf yo dlo, mete rad sou sa yo ki touni, akeyi pèleren yo, asiste malad yo, vizite prizonye yo ?

Frè mwen, sè mwen, zanmi mwen, tande sa byen : yon kè ki sansib se jan tout ou menm ye, yon angajman volontè, alafwa se yon pozisyon nanm nan epi yon fason ou aji. Menm jan Bondye gen kè sansib pou nou, se konsa li mande nou pou nou gen kè sansib youn pou lòt.

Papa ayisyen, papa kretyen, pandan m ap bat bravo pou nou pou tout sakrifis nou fè pou nou leve epi edike pitit nou, mwen ta renmen fè nou sonje sa. Papa se etap apre etap l ap pran galon pou li toujou la pou pitit li. Se pa bridsoukou yon moun rete li vin papa. Se yon aprantisaj ki long. Men kèlkeswa jan sa ye, chak pitit ta renmen di nan dimanch espesyal sa a ; «Papa, mwen renmen ou !» Kit se papa nou ki nan syèl la, kit se papa nou sou tè a.

Men moman m ap ban nou mesaj sa a, konbyen papa ki bliye gen kè sansib, ki bliye montre yo bon, ki mawon madanm yo depi madanm nan tonbe ansent ? Konbyen papa ki pa pran responsabilite yo epi ki neglije edikasyon pitit yo ? Konbyen papa k ap maltrete pitit yo epi ki konpòte yo tankou bouwo anvè pitit yo ? Konbyen papa ki demisyone jodi a epi ki responsab tout malè peyi nou ap konnen jodi a ?

Papa, tande sa byen, si Bondye te pèmèt nou vini papa yon jou, se paske li te estime nou te kapab epi nou te pare pou ranpli fonksyon sa a ki tèlman enpòtann nan lavi yon timoun. Bat pou timoun nou yo santi yo vrèman beni pou yo gen yon papa tankou nou. Nou pa sèlman papa timoun nou yo, men nou se papa sa a menm timoun nou yo te bezwen an.

Nou menm timoun yo, apresye efò paran nou yo, obeyi yo, trete yo ak respè. Yo sakrifye tèt yo pou yo kapab pèmèt nou jwenn yon plas nan sosyete a. Si yo pa te la, nou pa t ap kote nou ye jodi a. Jenn gason, jenn fi, renmen paran nou yo, sipòtè yo nan vyeyès yo.

Patwon, trete anplwaye ou yo avèk respè, apresye efò yo, bat pou yo fyè de ou, montre ou gen kè sansib pou yo.

E you menm anplwaye, respekte patwon ou. Fè travay ou avèk zèl epi efikasite.

Frè m ak sè m yo nan lesperans, Bondye pa janm mande nou fè yon bagay san li menm li pa bay egzanp la. Se li menm ki te premye montre li gen kè sansib pou nou lè li sove nou, selon Tit 1. Se li menm ki te premye montre li gen kè sansib pou nou lè li  repare nou, selon 1 Pyè 1. Pandan nou sou tè a, se chak jou n ap jwi benefis kè sansib li, selon 2 Korentyen 1. Kè sansib pou nou sèvi li, selon 2 Korentyen 4 vèsè 1; kè sansib devan twòn gras la, daprè Ebre 4 vèsè 14 a 16 ; kè sansib pou lavi ki p ap janm fini an, selon Jid 21.

Oditris, oditè ak entènot k ap koute nou tout kote, Bondye nou an montre li gen kè sansib. Lik chapit 10 vèsè 25 a 37 bay yon veritab leson kè sansib nan parabòl Bon Samaritan an Jezi te bay pwofesè lalwa a ki te vle teste li. Pou reponn kesyon kilès ki te pwochen nonm ki te tonbe anba men brigan yo, se sa ki te gen kè sansib pou li a. Kè sansib sa a te manifeste lè li ale kote nonm ki te lonje atè a prèske mouri a, li te gen pitye pou li, li te panse blese li yo, li vide lwil ak diven sou yo. Apre sa li mete nonm nan sou bèt li te monte a, li mennen li nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan demen, li rale kòb nan pòch li epi li bay mèt lotèl la epi li di li : «Okipe nonm sa a pou mwen, lè m tounen isit la m a remèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.» Ala yon kè sansib ! Men Jezi te di li : «Ale, fè menm jan an tou !»

Manman, papa, frè mwen yo, sè mwen yo, paran, zanmi, fanmi kretyèn, èske parabòl sa a pa pou nou chak tou ? Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye,  papa nou, gen kè sansib (Lik 6 vèsè 36).

Pou li fè Bondye plezi, kretyen an dwe mennen lavi li dwat nan tout aksyon li nan sosyete a. Nou sonje pou kretyen an viv selon egzijans Bondye, li dwe pratike lajistis epi li dwe gen kè sansib. Se premye ak dezyèm gwo prensip kretyen an dwe aplike. Anfen,  twazyèm epi dènye gwo prensip kretyen an dwe suiv pou li mache selon egzijans Bondye, li dwe mache san logèy devan Bondye (vèsè 8 c).

Mache san logèy devan Bondye, se chèche pou fè li plezi epi respekte angajman nou te pran avèk li. Moun k ap mache san logèy devan Bondye pa bliye sa Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri te fè pou yo. Lè n ap mache san logèy devan Bondye tout bon, n ap kapab di li san rezèv : «Se pou volonte ou fèt.» Piske sa nou ye a gen enfliyans sou sa n ap fè, n ap soumèt nou devan Bondye nan rekèyman, nan rekonesans nou lè n ap aksepte fè sa li mande nou, lè l ap konseye nou ak lè l ap rale zòrèy nou.

Mache avèk Bondye, se fè sa ki jis e saj men tou se montre lanmou epi viv ak kè kontan. Bondye li menm kontan lè li wè n ap mennen lavi nou nan sajès, sa vle di lè n ap mache avèk li.

Etandone tout sa li fè pou nou, li pwoteje nou,  nou konnen : «Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p ap kite anyen rive ou. L ap pwoteje ou kit w ap antre, kit w ap soti.» (Sòm 121).

Malgre sitiyasyon difisil peyi nou konnen, Bondye pran swen nou, tande sa byen, nan sòm 145 vèsè 16, Salmis la di : «Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni plant, ni bèt tout sa yo bezwen.» Epi nan Sòm 147 vèsè 9, li deklare : «Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.»

Frè m ak sè m yo nan lesperans, fidèl Premyè Legliz Batis Pòtoprens, Bondye leve nou atè a. David te fè menm eksperyans la. Tande sa li di :«Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete (1 Samyèl 2 vèsè 8).

Nou tout gen yon pase. Nou tout te konnen kèk ansyen moman difisil. Nou tout fè eksperyans moman yon kou dous, yon kou cho nan lavi a.

Frè m, «sonje ! Sè m, sonje ! Zanmi m, sonje ! Sonje kote Bondye te pran ou ! Sonje kote li pase avè ou ! Gade sa li fè de ou jodi a, yon gason osinon yon fanm byen prepare ! Alòs, pa meprize lòt yo ! Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.» (Jak 1 vèsè 17). Epi sa ki pi bèl, Bondye pwomèt l ap bay nenpòt moun lavi. Kit li blan, kit li nwa, kit li rich, kit li pòv, kit li savan, kit li analfabèt, kit li bon, kit li move, kit li gran, kit li piti, kit li sivil ou militè, nenpòt moun ki kwè nan li, li p ap peri, men l ap gen lavi ki p ap janm fini an, selon Jan 4 vèsè 16.

Mache san logèy devan Bondye se mache avèk sajès, nan ladwati epi lanmou. Nou p ap ka rive fasilman akoz opozisyon satan, denmon li yo ak manifestasyon li nan je tout moun, san nou pa bezwen pale de pwòp defo pa nou yo. Men nou kapab venk difikilte sa yo paske nan sajès li, Bondye ban nou èd li. Pawòl li, prezans li ki pa janm kite nou, Sentespri a, epi posibilite pou nou rantre an kontak dirèk avèk li nan lapriyè. Jezi di : «Mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.» (Matye 28 vèsè 20).

Tèm nou sot devlope pou ou maten an se : Viv selon egzijans Bondye. Pou li fè Bondye plezi, kretyen an dwe mennen lavi li dwat nan tout aksyon li nan sosyete a. Pou reponn kesyon kisa kretyen an dwe fè pou li viv selon egzijans Bondye, tèks nou te chita sou li a ki se Miche 8 vèsè 1 a 8, patikilyèman vèsè 8 la te pèmèt nou dekouvri 3 gwo prensip kretyen an dwe suiv pou li viv selon egzijans Bondye. Premyèman, li dwe pratike lajistis, dezyèmman li dwe gen kè sansib epi twazyèmman li dwe mache san logèy devan Bondye.

Ale Frè m yo ! Ale sè m yo ! Ale legliz ! Bon dimanch nan Senyè a ! Bòn fèt epi bon konba pou tout papa ! Bòn semèn epi se pou Bondye toujou kanpe bò kote nou epi pou li delivre nasyon nou an !

Se pou Bondye beni nou !

Amèn !

Description de l'image