Powèt Christophe Philippe Charles apèn pibliye yon nouvo rekèy powèm ki ranmase tout traka tèt chaje tribilasyon kwa madoulè popilasyon ayisyèn nan, espesyalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, ap travèse, epi li mete yo nan yon bouyon estetik kreyòl kote tout kè ki aladeriv ka refijye.
Lòk se tit dènye piblikasyon sa a powèt la mete disponib pou tout moun ki damou pwezi yo. Li genyen yon seri Ti powèm satirik, taktik, trajik, estratejik, powèt la ekri nan 2 jou nan okazyon Selebresyon Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl 2024 la.
Powèm sa yo ekri nan kontèks kote sitiyasyon peyi a chavire bouch anba, moun ap kouri kite kay yo, tire tout kote nan Pòtoprens, espesyalman nan zòn Nazon, ant Kriswa ak Solino, kote powèt la abite.
Nan tout kè sote, nan tout kouri, nan tout laperèz, nan tout enkyetid ak fènwa, nanm powèt la rete djougan pou li pentire reyalite pa li, reyalite pa nou pou limyè bèlte ak lespwa pa janm tenyen.
Lòk ap disponib nan Libreri La Pléiade 2, Complexe Promenade nan Petyonvil, apati jedi 12 desanm nan pou 750 goud sèlman.

