Si ou ale nan peyi Etazini kote ki genyen tout kalite kominote moun ki soti tout kote sou latè, li fasil pou ou jwenn gen diferan legliz ki fonksyone nan diferan lang pou sèvi chak kominote yo. Se konsa gen legliz ki fonksyone an kreyòl pou yon kominotè ayisyèn, gen lòt se an espanyòl pou yon kominote ispanofòn, eks.
Nan kominote ayisyèn yo menm, ou konn tande y ap pale de tèl legliz despresyon fransèz, men se lè ou ta ale nan legliz sa yo w ap reyalize an reyalite se legliz despresyon kreyòl, eksepte labib yo kapab li an fransè.
Men tou, nan kèk legliz sa yo, konn genyen 2 sèvis nan 2 lang diferan. Youn an kreyòl pou jenerasyon ki te rive Etazini nan laj granmoun ki pa twò maton nan anglè, epi yon lòt sèvis pou jenerasyon pitit yo, jèn yo, yo menm ki fèt Etazini ki pa twò maton nan kreyòl. Nan ka sa yo pastè a gen yon doub travay. Menm mesaj li preche nan sèvis an kreyòl la, se menm mesaj la li preche tou nan sèvis anglè a.
Nan ka pa ta gen 2 sèvis pou sèvi chak moun nan lang li, ou konn obsève moun ki sou chè a ap fè yon travay oto-entèpretasyon, sa vle di l ap entèprete pou pwòp tèt li. Chak pawòl li di an kreyòl, li redi menm pawòl la an anglè. Menm si sa pran li plis tan, menm si li pale plis, depanse plis enèji, li fè sa ak tout konsyans li pou pèmèt tout moun konprann sa l ap di a.
Epoutan an Ayiti kote tout popilasyon an se kreyòl li pale, genyen legliz ki pa fè sèvis an kreyòl menm, ni yo pa genyen yon entèprèt k ap entèprete pou moun ki pale kreyòl sèlman, ni moun ki sou chè a pa fè oto-entèpretasyon tou.
Pi rèd ankò, depi sèvis la ta genyen yon karaktè espesyal, solanèl, tankou maryaj, antèman, òdinasyon, selebrasyon anivèsè, nan prèske tout legliz an Ayiti, kreyòl pa ladan li menm.
Epoutan, otorite legliz sa yo pa fouti pa konnen gen anpil moun ki nan legliz la se kreyòl sèlman yo pale. Osinon, gen anpil moun ki kapab ta byen anvi ale legliz la men kòm li konnen yo p ap pale lang li, li prefere ale lòt kote. Kisa sa itil pou yon moun ale legliz pou li pa konprann sa y ap di a?
Yon legliz, yon misyon ta gen dwa fonksyone nan lang li vle. Men tou li nòmal pou moun l ap sèvi yo jwenn sèvis la nan lang yo. Popilasyon ayisyèn nan se kreyòl li pale. Menm si legliz la osinon misyon an ta fonksyone nan lòt lang, li nòmal pou li ta gen sèvis an kreyòl tou pou moun ki pale kreyòl sèlman yo, osinon pou yo ta genyen yon sèvis entèpretasyon pou moun sa yo.
Kijan pou pitit yon moun ap marye pou li pa konprann sa pastè a oswa pè a ap di a? Kijan pou yon moun ap antere pitit li epi li pa ka konprann lang y ap pale a?
Poukisa anpil legliz an Ayiti pa sèvi ak lang kreyòl, lang popilasyon an nan sèvis yo? Poukisa yo pa li labib an kreyòl pito? Se kesyon otorite legliz yo ta dwe reflechi sou yo.
