Pouki aktivite kanaval la pa kadre ak kontèks aktyèl Ayiti a ?

Fyète Kreyòl Enfo Tag
Holson Montina

Kanaval se yon eleman fondamantal nan kilti ayisyen. Li se yon espas kote pèp la ekspime kreyativite li, soulaje fristrasyon li, epi selebre eritaj li atravè mizik, dans, ak kostim tradisyonèl. Malgre enpòtans li sou plan kiltirèl ak sosyal, reyalite aktyèl Ayiti pa pèmèt peyi a reyalize yon evènman ki mande anpil resous, sekirite, ak estabilite pou l byen dewoule. Sitiyasyon an grav e mande plis refleksyon sou priyorite nou kòm nasyon.Yon kriz san parèy ki menase lavi chak jou

Yon kriz san parèy ki menase lavi chak jou

Ayiti ap travèse youn nan peryòd ki pi difisil nan listwa li. Ensekirite a depase tout limit. Gang pran kontwòl plizyè zòn, ap simaye laterè, ap fè kidnaping ak masak san gade dèyè. Popilasyon an ap viv ak laperèz chak jou ki jou, ak plizyè milye de moun ki oblije kite kay yo akoz vyolans la. Nan kondisyon sa yo, èske li lojik pou nou mete resous pou òganize yon aktivite ki mande anpil sekirite, deplasman, ak mobilizasyon moun nan lari?

Yon kriz ekonomik ki mete pèp la ajenou

Pri manje ak pwodui premye nesesite monte tèt nèg, lajan pa gen valè, chomaj ap gangrennen popilasyon an. Pandan anpil Ayisyen pa ka jwenn sa pou yo manje, se ta yon erè pou leta depanse anpil anpil milyon goud, nan òganize yon evènman ki pa priyoritè. Lè nou gade eta lopital yo, lekòl yo, ak sèvis piblik yo. Nou wè pi gwo nesesite se adrese pwoblèm fondamantal yo olye nou mete lajan nan kanaval.

Yon iresponsabilite politik si kanaval la ta fèt

Pou yon peyi òganize kanaval, fòk li gen omwen yon minimòm estabilite. Fòk moun kapab sikile san kè sote, fòk gen sèvis sekou ki ka reponn an ka bezwen, epi fòk gen yon estrikti ki ka asire sekirite tout patisipan yo. Malerezman, Ayiti pa nan nivo sa a. Si gouvènman an ta envesti nan kanaval olye l chèche solisyon pou kriz la, sa ta reprezante yon mepri total pou soufrans pèp la.

Kanaval se kilti nou, men nou dwe montre nou responsab

Nou tout rekonèt valè kanaval nan lavi sosyal ak kiltirèl nou. Se yon peryòd ki mete ansanm kreyativite atis yo, jèn yo, ak tout kategori sosyal yo. Men nou pa ka mete mizik sou mizè, nou pa ka danse sou san viktim yo, nou pa ka souri pandan nasyon an ap plonje pi fon nan detrès.

Peyi a bezwen lapè, jistis, ak bon jan chanjman anvan li panse ak fèt. Se moman pou nou mete tèt ansanm pou sòti Ayiti nan labou kote li ye a olye nou preche yon sèten nòmalite ki pa egziste. Kanaval ap toujou kanpe kòm senbòl idantite nou, men li pa ta dwe fèt nan kondisyon aktyèl yo.

Holson Montina

Description de l'image