Pou piti 15 moun mouri ak plizyè lòt blese lè yon chofè fonse sou yon foul nan New Orleans

© Eduardo Munoz/Reuters (Vya CNN)

Pou piti 15 moun pèdi lavi yo san konte plizyè douzèn lòt ki soti blese nan yon atak nan ri Bourbon nan New Orleans lè yon chofè ki te sou yon pickup fè espre li fonse sou yon foul ki t ap selebre antre nouvo ane a byen bonè mèkredi maten an.

Daprè sa CNN rapòte, otorite yo idantifye otè atak la yo kalifye kòm yon atak teworis kòm Shamsud-Din Jabbar, yon sitwayen Tegzas ki gen 42 zan epi ki se yon ansyen militè ki te sèvi nan lame ameriken soti 2007 rive 2020.

Otè atak la mouri tou nan tire kout bal ak Lapolis epi gen 2 polisye ki soti blese. Li te genyen yon drapo leta islamik nan machin li daprè sa FBI fè konnen, epi li te anrejistre yon bann videyo kote li te fè konnen li te rantre nan gwoup leta islamik la.

Otorite yo fè konnen li pa t ap aji pou kò li, men ankèt yo ap kontinye pou kounye a. Ajan FBI yo ap mennen yon seri desanndelye pou kapab fè tout limyè sou atak sa a ki retire lavi yon bann inosan nan okazyon evènman espesyal nouvèl an an.

Description de l'image