Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme popilasyon Sodo a sezi yon manm gang Kanaran nan men fòs lòd yo apre arestasyon li epi pase li alenfinitif.
Se madi 4 mas 2025 la Lapolis fè konnen li te arete Nöelson Mételus, ki gen ti non vanyan Zo Pipe, epi sezi minisyon kalib 5.56 nan komin Sodo, nan depatman Sant. Zo Pipe se manm aktif gang Kanaran, daprè sa PNH presize.
Manm popilasyon an ki te sou plas nan moman arestasyon an epi ki te manje gèp, yo rache Zo Pipe nan men fòs lòd yo ki pa te kapab fè anyen epi yo pase li alenfinitif.
Yon lòt bò, yo te enfòme Lapolis yo te wè yon valiz nan yon jaden nan Gran Rara ki se yon lokalite nan 3èm seksyon kominal Koup Madigra nan komin Sodo. Lè Lapolis voye yon patwouy al sou plas, yo jwenn valiz la ki te gen minisyon ladan li.
