Popilasyon Mibalè mete dòmi nan je 3 moun yo akize kòm bandi

Lapolis nan Mibalè anonse jounen madi 21 me a li te arete 3 moun yo akize ki ta nan gang ki se Roseline Labrice, Djerby Alexis, Youncé Monplaisir. Men popilasyon an ki te an kòlè rive pran moun sa yo epi touye yo, malgre tout efò lapolis di li te fè pou sa pa te rive

Nan yon nòt, Lapolis di li te arete Djerby Alexis, nan kad yon kontwòl idantite li te reyalize, lendi 20 me 2024 la. Endividi sa a genyen 24 lane, li fèt Senrafayèl, men li rete nan Site Doudoun, Komin Kwadèboukè.

Selon nòt sa a, Alexis deklare li fè pati gang ki nan zòn nan epi li avwe li enplike nan anpil zak kriminèl, tankou mete dife nan yon kamyonèt ki te gen plizyè moun ki t ap sòti legliz. Yo te mete dife nan machin sa a ak tout moun ki te ladan li.

Malfra sa a fè konnen tou li touye 5 moun ak men pa li epi li te enplike nan atak yo te fè kont Sou Komisarya Bon Repo a kote yo te touye 3 polisye.

Yon lòtbò, Lapolis Mibalè di li arete Youncé Monplaisir ak Roseline Labrice. Li presize 2 medam sa yo ap viv nan kay ansanm nan Ri Disant, yo fè pati gang k ap fonksyone anba lavil la, nan Pòtoprens.

Daprè sa Polis nasyonal la rapòte, Youncé te nan tèt yon gwoup bandi ak zam k ap mache fè resèt nan mache Kwabosal, mache tèt Bèf ak lòt ankò anba lavil la.

Enstitisyon polis la fè konnen moun sa yo te arete pandan yo t ap travèse pou ale Repiblik Dominikèn.

Se moun sa yo ki jwenn lanmò yo jodi a anba men popilasyon Mibalè a.

Description de l'image