Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 3 oktòb 2024, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) reyaji sou atak bandi ame fè sou popilasyon Ponsonde a kote plizyè moun pèdi lavi yo, san konte sa ki blese.
Ministè Jistis ak Sekirite Piblik deklare fas ak nouvo atak ame ki te fèt jedi maten sa a nan lokalite Ponsonde, kote plizyè moun rive pèdi lavi yo, ak plizyè lòt ki soti blese, Lapolis Nasyonal d Ayiti resevwa lòd fòmèl pou retabli lòd epi mete tout moun k ap simen laterè nan depatman Latibonit la nan wòl yo, pou yo sispann anmède moun.
MJSP deklare pi lwen krim sa yo p ap rete san pinisyon, epi li pwomèt yo pral pouswiv otè krim sa yo ak konplis yo jiskaske yo jwenn bout yo, kèlkeswa kote yo kache a.
Pou fini, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik renouvle detèminasyon li pou li pran tout dispozisyon ki nesesè pou pote yon klima lapè nan peyi a epi pèmèt popilasyon an mennen aktivite li libelibè.

N ap raple bandi Savyen fè yon poteboure sou popilasyon Ponsonde a bonè maten jedi 3 oktòb 2024 la kote plis pase yon ventèn moun ta pèdi lavi yo, san konte plizyè dizèn lòt ki blese. Pandan anpil gwo gwo otorite Leta akize nan leve tapi pèp la, popilasyon an li menm ap peri anba bal bandi, li lage de bra balan san rele ni reponn.

