Polisye viktim : Edgard Leblanc Fils montre li endiye

Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, nan yon mesaj li pibliye sou kont X li, montre li pa kontan ditou sa ki rive gwoup polisye ki viktim anba men gang ame nan zòn Sanfil nan Dèlma jou dimanch 9 jen an.

«Mwen endiye anpil pou jan 3 polisye gason kanson nou yo ki afekte nan Inite Tanporè Anti-Gang (UTAG) mouri, apre yo te fin tonbe nan yon anbiskad dimanch 9 jen an nan Dèlma 18, pa twò lwen Sanfil. Yo p ap mouri pou granmesi.» Se sa Mesye Edgard Leblanc Fils ekri.

Li di tou li prezante senpati li, nan non pa li ak nan non Konsèy Tranzisyon an, bay paran viktim yo ki se Fermetus Emlin, Piton Wilkens Jean Junior ak Clovis Peterson.

Li di anfen yo pral bay fòs lòd yo tout sipò ki nesesè pou yo fini ak zak kriminèl sa yo epi pou yo fè gang k ap simen dèy nan popilasyon an rete nan wòl yo.

Description de l'image