Depi MINUSTAH popilasyon ayisyèn nan te konn rele Tourista mare pakèt li l ale apre yo fin gaspiye anpil anpil anpil milyon swadizan pou te vin estabilize Ayiti, ou prèske pa wè moun an inifòm ap plen charyo nan makèt yo tout lasent jounen ankò. Se move sezon pou mèt makèt nan peyi d Ayiti. Kanta otèl, bèl plaj sab fen nan tout kot peyi a, pa gen moun ak gwo mago lajan vèt yo pa twò swe pou li k ap frekante yo ankò.
Ayiti se yon boul dyaman nan lanmè Karayib la. Moun ki konn vwayaje ale nan lòt peyi kapab temwanye pa gen anpil peyi sou latè ki bèl tankou Ayiti, malgre jan pwòp pitit li yo trete li. Sa se pou nati a, men tou kilti peyi a, istwa li, manje li, souri ki sou vizaj moun yo malgre soufrans, kuizin li, eks, pa gen pi bèl kote pou moun ta vin plezire, si pòch ou pa gen twou epi ou kapab bay pwòp tèt ou sekirite.
Petèt se sa ki fè depi yo di misyon fòs lame etranje sou bout tè Papa Dessalines nan, anpil peyi sou latè reponn prezan. Epoutan, istwa Ayiti montre sa klè, se pa fòs lame etranje ki kapab bay sekirite nan yon peyi. Si se te sa, Ayiti se peyi ki t ap gen plis sekirite nan Kayayib la. Paske soti 1994 pou rive jounen jodi a, se te fòs okipasyon sou fòs okipasyon, misyon ranplase misyon, misyon pran lòt non pou montre kòmsi gen yon bagay ki chanje vre.
Si yon moun ale sou sit defen MINUSTAH, premye fraz w ap li se : «Misyon Nasyonzini pou estabilizasyon an Ayiti a tèmine manda li avèk siksè 15 oktòb 2017.» Avèk siksè sa a ta vle di Ayiti estab apati dat 15 oktòb 2017 sa a. Misyon akonpli. Lapè Izrayèl ! Epoutan, anpil milyon depanse se vre, men menm 2017 sa a Ayiti te fèk soti anba yon gwo kriz elektoral ki te poze gwo pwoblèm lejitimite pou dirijan ki te soti nan eleksyon sa yo, san konte mizè, ensekirite ki te toujou ap fè pèp ayisyen an monte lesyèl pa do. Dirijan eleksyon sa yo te ponn nan pa janm fè eleksyon nan peyi a depi lè sa a jiskaske tout enstitisyon demokratik yo rete yo efase youn apre lòt. Jounen jodi a Ayiti ap fè fas ak yon kriz tout dimansyon li pa te janm konnen avan. Malerezman moun k ap deside yo, ni andedan peyi a ni nan entènasyonal la, wè solisyon an pa ka lòt bagay pase voye lòt fòs militè etranje vin pilonnen tè papa Dessalines nan ankò, swadizan pou vin apiye sekirite.
Men ni otorite nan peyi a, ni otorite nan entènasyonal la pa bay okenn detay sou kisa ki pral pase. Se sa ki fè Amnisti Entènasyonal rele anmwe fòk gen transparans nan kad deplwaman fòs militè etranje yo nan peyi a. Nan yon deklarasyon piblik ki parèt madi 4 jen 2024 la, òganizasyon sa a montre li gen gwo kè sote sou mank transparans pou sa ki konsène garanti ki dwe tabli pou dwa moun nan kad misyon k ap vin apiye sekirite an Ayiti a. Kisa ki pral pase? Kisa règ angajman yo pral ye? Kilès k ap kapab pousuiv yon militè etranje ki fè vyòl sou yon Ayisyen / yon Ayisyèn osinon ki koupab nan vyole dwa moun? E nan ka krim kolektif tankou si yo ta pote maladi pou touye pèp ayisyen an menm jan MINUSTAH te anpwazonnen rivyè nou yo ak jèm kolera ki touye yon bann ak yon pakèt Ayisyen? Kilès ki pral bay pèp ayisyen an jistis epi repare tò li sibi?
Annatandan, tout peyi a sanble ap tann fòs etranje yo, ni moun ki konprann danje ak lawont sa reprezante pou yon pèp pou vire tounen se lame etranje k ap vin pyafe nan peyi ou, ni sa ki sanble pa konprann anyen. Men gen kesyon ki ta enteresan pou poze. Kisa yon Kenyan genyen anplis yon Ayisyen? Kisa 2 mil polisye ak / oswa militè kenyan kapab fè epi 15 mil polisye ak militè ayisyen pa kapab fè? Kijan polisye ayisyen yo fè ap mouri fasil konsa? Ki fòmasyon polisye sa yo resevwa vrèman avan yo ale sou tèren an? Ki ekipman yo genyen? Ki motivasyon yo genyen? Ki asirans sante yo genyen? Kijan y ap viv? Konbyen yo touche? Lè yo viktim sou tèren an pandan y ap fè travay yo, ki ankonpayman yo jwenn? Ki ankadreman fanmi yo jwenn nan men Leta ?
Anpil lajan disponib pou fòs etranje. Si yo vini vre, vle pa vle wout plaj yo pral debloke, mèt makèt, otèl pral fè bèl resèt. Fanmi yo kite dèyè ap gen nan men yo. Men polisye nasyonal nou yo k ap riske lavi yo chak jou ap toujou nan di, n ap toujou tande y ap plenyen yo viktim sou tèren epi yo pa jwenn asistans, n ap toujou tande sa fè 5 mwa yo pa ba yo ti kat la, yo pa gen materyèl, eks.
Ala sa ta fè Lapolis Nasyonal d Ayiti byen si pil milyon pou fòs etranje sa yo te depanse pou devlope ak pwofesyonalize polis la !
Konbyen dola vèt yon polisye kenyan pral touche san konte prim? Konbyen zòrèy bourik yon polisye ayisyen ap touche? Jodi a 12 jen, se 29èm anivèsè Lapolis Nasyonal d Ayiti, je wont je, Wo Kòmandman an oblije anile gwo fèt yo te prevwa fè nan okazyon an, tèlman Lapolis la nan lapèn pou sa l ap pase anba men bandi. Men èske Leta deja peye Lapolis mwa me, menm yon kola polisye yo ta ka bwè ak fanmi yo jodi a menm si pa gen fèt?
Lapolis Nasyonal d Ayiti se fòs legal konstitisyon peyi a rekonèt ki pou asire lòd ak sekirite nan tout peyi a, ki gen kòm misyon pou pwoteje lavi ak byen. Yon lapolis k ap viv nan kras pa kapab ranpli misyon li kòrèkteman. Nouvo Premye Minis la, Doktè Garry Conille, pwomèt pou li bay fòs lòd yo tout mwayen ki nesesè pou yo kapab ranpli misyon yo kòmsadwa. Tout sosyete a ap tann pou pawòl sa yo tounen reyalite. Aji epi aksyon ou yo ap pale pou ou ! Fòs etranje sou tè Papa Dessalines nan, kèlkeswa bèl ti non powetik yo ta ba li, l ap toujou yon lawont pou tout Ayisyen epi se echèk dirijan yo tou.
Viv Lapolis Nasyonal d Ayiti ! Viv Ayiti !
