Direktè jeneral Polis nasyonal Ayiti a, Frantz Elbé, resevwa yon lo ki gen 10 machin blennde, jodi dimanch 19 me a, nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti.
Se Gouvènman ameriken an, atravè « International Narcostic And Law Enforcement (INL) » ki fè don sa a pou Polis nasyonal la.
Chèf polis Ayiti a te resevwa materyèl sa yo an prezans lòt gwo tèt nan wo kòmandman enstitisyon polis la epi an prezans anbasadè ameriken an, M. Dennis Bruce Hankins.
Machin blennde sa yo pral kontribye nan ranfòse kapasite operasyonèl Polis nasyonal la pou li ka pi efikas nan batay kont nèg ak zam yo, selon sa otorite enstitisyon an di nan yon nòt.
Direktè jeneral Frantz Elbé te tou pwofite okazyon sa a pou li renouvle angajman polis la pou li retabli lòd nan tout peyi a.
