Lorveus Maxo Junior yo akize kòm bandi mouri jodi 17 me a nan twoke kout zam ak ajan Polis nasyonal d Ayiti yo, nan zòn Koloso, nan Taba 42.
Lorveus Maxo Junior, ki gen 35 lane, ta fè pati gang « Kraze baryè » ki tabli baz li nan zòn Tòsèl, Taba.
Pandan entèvansyon sa a, fòs lòd yo sezi yon pistolè koulè nwa ak gri, mak DB, seri YF -3343. Yo sezi tou yon chajè ki genyen senk (5) katouch kalib 9 mm.
Yon lòt bò, Lapolis sezi yon kantite 60 katouch kalib 22 ak 23 katouch kalib 5.56 yo te jwenn nan men Lorveus Maxo Junior tou.
