Polis Nasyonal la ap travay pou retabli lòd nan Gresye

Polis Nasyonal d Ayiti a fè konnen apre atak moun ak zam fè kont komisarya Gresye a nan lannuit vandredi 10 me 2024 la, wo kòmandman an te reyini jou samdi 11 me a epi li pran dispozisyon ki nesesè pou retabli lòd ak lapè.

Nan yon nòt, direksyon polis la fè konnen genyen yon ekip UDMO Sidès, ajan SWAT ak lòt inite espesyalize ki deja sou plas pou yo kapab reprann kontwòl sitiyasyon an epi pou yo kontrekare plan bandi yo nan komin Gresye.

Polis la fè konnen li p ap bay legen nan sitiyasyon sa a kote nèg ak zam pa sispann atake komisarya polis yo nan peyi a.

Pou fini, Polis Nasyonal d Ayiti a mande popilasyon Gresye a rete tèt frèt pandan li angaje li pou chache epi mete anba kòd tout moun k ap simen latwoublay.

Dènye nouvèl yo fè konnen lapolis reprann kontwòl komisarya Gresye a kounye a.

Description de l'image