PNH : Yon polisye mouri anba bal pandan li t ale egzekite yon manda

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen yon polisye mouri anba bal nan samdi maten 18 oktòb 2025 la pandan li t ap patisipe nan egzekisyon yon manda mare mennen vini nan Fondèblan.

Rivalcey Abner se non polisye sa a ki afekte nan Komisarya Fondèblan ki pèdi lavi li akoz li te pran yon bal nan moman li t ap patisipe nan egzekisyon yon manda mare mennen vini kont Venante Sénatus.

Apre polisye a te fin resevwa bal la, Lapolis fè konnen yo te depeche yon ekip entèvansyon sou plas pou sekirize zòn nan epi pou bouske moun ki te louvri kout bal sou fòs lòd yo.

Polisye viktim nan li menm, yo te kouri lopital Sen Bonifas avèk li kote li ta pral rann dènye souf li, malerezman.

Kanta Venante Sénatus, yo te transfere li nan Komisarya Aken an kote li twouve li dèyè bawo nan gadavi, l ap tann sa lajistis ap deside sou dosye li a.

Lapolis Nasyonal d Ayiti pwofite prezante kondoleyans li bay fanmi polisye ki mouri a, kòlèg li yo nan Komisarya Fondèblan, ak tout kò Lapolis la, pandan li renouvle angajman li pou pousuiv moun ki lòtè zak kriminèl sa a.

Description de l'image