Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse li voye plizyè bandi al bwachat epi li sezi de (2) fizi, twa chajè ak 58 katouch nan Sat, jedi 26 desanm 2024 la.
Daprè sa PNH la fè konnen, se nan kad yon operasyon espesyal polisye yo mennen nan komin Site Solèy, patikilyèman nan Sat, bandi sa yo rive bwè dlo bouch yo epi zam ak minisyon sa yo rive sezi.
Se 2 fizi daso Lapolis sezi nan men bandi yo. Youn se mak PA-15 Multi epi seri li se SCB 150079 epi lòt la se mak EP Armory, san seri. Yo sezi tou 3 chajè ak 58 katouch kalib 5.56 mm.

Lapolis pwofite renouvle detèminasyon li pou li konbat tout baz gang yo san kanpe, pou li kapab retabli lòd piblik nan peyi a.

