Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen nan kad yon entèvansyon madi 10 desanm 2024 nan aswè, nan Kafou Tifou, ajan PNH yo rekipere yon bis mak Toyota Hiace gri, plak TP-34404, bandi ak zam te detounen nan nivo Dèlma 40 B.
Pandan entèvansyon sa a, daprè sa PNH fè konnen, youn nan bandi yo ki te nan tire kout bal ak Lapolis tou bwè dlo bouch li, epi yo tou rekipere yon zam mak Taurus 9mm, seri TFX44568, ki se zam PNH ki te nan men bandi ki tonbe a.
Yon lòt kote, PNH fè konnen kowalisyon gang ame yo te fè tantativ pou anvayi Dèlma 19. Men gen polisye yo te deplwaye nan zòn sa a epi y ap kontwole wout estratejik yo.
Lapolis pwofite fè konnen tou li ranfòse dispozitif sekirite nan zòn Ba Dèlma, Nazon ak Sant Vil Pòtoprens pou yo kapab kontinye mache pran bandi yo.

