PNH reprann kontwòl ruin Komisarya Ti Rivyè Latibonit la

Jan Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) te anonse samdi 7 desanm 2024 la li t ap mennen operasyon atravè Direksyon Depatmantal Latibonit pou te reprann kontwòl Komisarya Ti Rivyè Latibonit la, jodi dimanch 8 desanm nan, PNH la anonse kounye a Komisarya sa a sou kontwòl total Lapolis.

Nan yon videyo Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik PNH la pibliye, nou kapab obsève ruin Komisarya a ki totalman detwi, boule nan yon eta moun pa ta ka imajine.

Se deja pozitif pou PNH repranm kontwòl espas la men pral gen anpil travay pou remete li nan eta nòmal li, san konte pwoblèm sekirite pou Lapolis li menm ak popilasyon an si Lapolis la pa ta rive fè bandi k ap bay pwoblèm yo rete nan wòl yo.

Description de l'image