Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Pòtpawòl adjwen li, Lionel Lazarre, nan kad yon konferans pou laprès nan dat 15 oktòb 2024, li prezante bilan operasyon PNH la nan depatman Latibonit ak nan Lwès.
Pòtpawòl adjwen an fè konnen genyen plis pase 20 bandi ki bwè dlo bouch yo nan echanj kout bal ak fòs lòd yo, Lapolis sezi 15 zam, pami yo 11 manch long ak plizyè lòt materyèl ajan lòd yo sezi nan yon operasyon Lapolis mennen samdi 12 ak lendi 14 oktòb, nan baz gang kraze baryè nan Tòsèl, komin Taba.
Nan komin Gresye li menm, plizyè bandi tonbe nan twoke kout bal ak Lapolis, epi genyen 3 zam ki sezi. Alòske nan depatman Latibonit, Lapolis ap rapouswiv operasyon yo pou kapab derasinen gang kriminèl kokorat san ras yo, toujou daprè Pòtpawòl adjwen Lapolis la. Nan kad operasyon yo nan Latibonit, PNH fè konnen plizyè moun yo akize kòm bandi deja tonbe nan echanj kout bal ak fòs lòd yo, ak plizyè lòt ki jwenn arestasyon yo.
PNH la toujou fè konprann li pa kapab espoze kadav bandi ki tonbe nan goumen ak Lapolis, nan sousi pou respekte lalwa. Men li pa di tou kisa yo fè ak kò bandi ki tonbe yo, si yo kite yo sou plas, osinon si yo mete yo nan mòg pou tout suit legal lajistis ta deside fè.

