Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen dènye poteboure kont gang yo nan peyi a pote fwi, sa bay bon rezilta.
Toudabò PNH la fè konnen nan tan lapli sa a, li panse ak fanmi ki de bra pandye k ap viv anba tant, ak timoun yo paran yo oblije ap mante lachatite ti moso manje.
Li di li panse tou ak polisye gason kanson yo k ap batay nan Sant, Latibonit ak Kenskòf pou peyi a kapab respire yon lòt lè, an menm tan li panse ak enstriktè ak fòmatè ki kontinye fòme kòmsadwa 886 elèv polisye pou vin ranfòse PNH la, malgre lapli. Li salye tou polisye ki te pèmèt yo deplase moun soti nan zòn malè pandye pou ale nan zòn sekirize.
Lapolis fè konnen sa bay kouraj pou konstate kijan poteboure a pote fwi. Li site Latibonit kote li di gang teworis yo kontinye fè bèk atè, Laskawobas kote yon dizèn move grenn bwè flo bouch yo, Fò Sen Klè kote lyetnan yon chèf gang bwè dlo bouch li epi chèf gang nan li menm soti blese grav, katye administratif Pòtoprens PNH la di li reprann tou jiskaske gen Konsèy Minis k ap fèt la.
Kanta pou depatman Sant la ankò, PNH fè konnen Direksyon Santral Polis Administratif la toujou gen kontwòl tèren afwontman yo epi gwo manman ap pare pou zepina avèk èd popilasyon an. Li fè konnen menm si gen ti pèt nan soutyen Lapolis yo, y ap kontinye mache sou yo pou yo reprann tout teritwa gang yo kontwole, pa egzanp, kounye a pa gen barikad nan Delije ankò.
Lapolis presize nan semèn nan, devan puisans zam fòs lòd yo te deplwaye, bandi yo te oblije bay vag paske yo pa te kapab fè fas. Tout sa montre, daprè Lapolis, genyen yon lòt vitès ki pase nan konba k ap mennen pou lòd kapab retabli nan peyi a.

