Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li mennen operasyon nan komin Kenskòf kote li libere plizyè otaj epi reprann kontwòl plizyè zòn nan men bandi ame yo.
Operasyon sa yo te fèt nan nan dat samdi 10 pou rive dimanch 11 me. Lapolis presize li rive deloje bandi yo nan plizyè batiman yo te okipe epi libere plizyè otaj, pandan yo presize tou gen anpil bandi ki rive fè vwèl pou peyi san chapo nan tire kout bal ak fòs lòd yo.
Se depi mwa fevriye 2025 bandi yo kòmanse simen latwoublay nan komin Kenskòf lè yo anvayi plizyè zòn, piye kay moun, touye moun epi kidnape divès sitwayen.
Men Lapolis Nasyonal d Ayiti sèmante li p ap bat ba, l ap kontinye mennen operasyon ak entèvansyon pou fè tout bandi k ap simen dèy ak dezolasyon nan popilasyon an rete nan wòl yo.
