PNH : Plizyè bandi tonbe nan goumen ak Lapolis nan Mibalè

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme genyen plizyè bandi ki tonbe nan goumen ak fòs lòd yo nan Mibalè dimanch 12 oktòb 2025 la.

Bandi sa yo, daprè Lapolis, te fè yon vare sou pwen fiks polisye yo nan rejyon an. Se konsa inite espesyalize yo ki angaje sou tèren an te riposte lapoula pou yo te montre bandi ame yo po piman an ak grenn nan kilès ki pi pike, jiskaske bandi yo te fè bèk atè epi bay vag nan goumen an.

PNH la fè konnen aksyon sa a rantre nan kad jefò Lapolis la pou retabli sekirite nan tout zòn kote gang ame yo vle se yo ki pou fè lalwa, anba vyolans ak entimidasyon.

Li fè konnen tou Wo Kòmandman an defini lòt estrateji tou nèf nan objektif pou kraze tout baz gang yo plat atè nan tout peyi a.

Description de l'image