PNH : Plizyè bandi tonbe epi plizyè zam sezi nan Mibalè

Plizyè bandi rive tonbe epi plizyè zam sezi nan kad yon operasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè nan Mibalè madi 20 me 2025 la.

Pami bandi ki fè vwèl pou peyi san chapo yo, genyen Chalè ki tonbe nan lokalite Dlo Chod nan zòn Pelig. Apre sa genyen sa yo konnen sou non Zo Kadav ak Omerzil Francillu ki te gen yon badj gang Taliban sou li.

Lapolis renouvle angajman li pou li goumen san pran souf kont gang ame yo pou li kapab fè lòd piblik retounen nan tout peyi a.

Description de l'image