PNH pale sou operasyon nan Ba Dèlma a

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen l ap kontinye mennen operasyon rejyon metwopolitèn nan, espesyalman nan Ba Dèlma.

PNH la presize se nan objektif pou kontrekare zak gang kriminèl yo, li mennen yon operasyon nan Ba Dèlma, nan baz chèf gang Babekyou, jounen samdi 1e mas 2025 la. Lapolis presize l ap batay sou plizyè fwon kont fwaye gang yo.

Nan sans sa a, divès inite espesyalize deplwaye nan kad operasyon nan Ba Dèlma a, plizyè bandi rete atè epi lari netwaye pou pèmèt popilasyon an mennen aktivite li, daprè sa PNH la ajoute.

N ap souliye Lapolis presize seri operasyon yo ap kontinye men yo pa bay okenn enfòmasyon sou chèf gang Babekyou yo t ap mennen operasyon nan baz li a.

Description de l'image