PNH : Operasyon nan Tòsèl kont gang kraze baryè

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme l ap mennen operasyon nan zòn Tòsèl, kont gang kraze baryè, jan l ap fè tou nan divès zòn nan peyi a pou li kapab mache pran gang ame yo.

Nan kad operasyon sa yo ki fèt nan dat samdi 12 ak lendi 14 oktòb 2024 la, Lapolis fè konnen gen yon ventèn bandi ki tonbe, an plis gen zam ak minisyon, telefòn pòtab, materyèl ak ekipmam sansib yo sezi. Polisye yo avanse tou nan zòn estratejik bandi yo konn itilize pou komèt move zak yo.

Lapolis fè konnen tou gen yon blennde MSS ki te pran pàn motè pandan operasyon yo, malgre tout sa teknisyen yo fè, yo pa te kapab fè blennde sa a repati.

Daprè enfòmasyon an plis Lapolis kominike, dezyèm chèf gang kraze baryè a yo konnen sou non Deshommes soti blese nan tire kout bal ak fòs lòd yo pandan operasyon yo.

PNH la di li rete tennfas pou pousuiv operasyon sa yo pou yo kapab rive mete chèf gang kraze baryè a nan wòl li, ansanm ak tout konpayèl li yo.

Description de l'image