PNH : Operasyon nan baz gang Kokorat san ras nan Latibonit

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse gen anpil inite espesyalize tankou SWAT, BIM, UTAG, UDMO ak Inite dwón Lapolis la ki deplwaye nan baz Kokorat san ras nan Lakwaperis ki se yon seksyon kominal komin Gonayiv, nan depatman Latibonit.

Selon Lapolis, inite sa yo ki deplwaye a ap mennen operasyon gason pa kanpe pou kwapre bandi yo ki toujou ap teworize popilasyon an, patikilyèman popilasyon Lestè a. Deplwaman sa a ki fèt nan baz gang Kokorat san ras la se pou pèmèt tou moun ak byen kapab sikile libelibè sou wout nasyonal #1 an.

Lapolis fè konnen nan kad deplwaman sa a kote polisye yo pa manke toke kòn yo ak bandi yo, plizyè move je deja tonbe nan tire lobe ak fòs lòd yo. Genyen nan bandi yo tou ki wè twòp pou yo ki kouri pran mòn pou yo pou yo al kache.

PNH la fè konnen pou kounye a li reprann kontwòl twonson wout ki relye Ba Latibonit la ak Gonayiv, konsa, moun pa bezwen pè pote tèt ou ale, tout bagay sou kontwòl, aktivite yo kapab reprann kòmsadwa.

Pandan li fè konnen li pa gen dèyè chita nan mache pran gang yo kote yo ye a, Lapolis la mande popilasyon an pa ezite ba li enfòmasyon ki kapab pèmèt li kaba koze gang ame sa a nan peyi a.

Description de l'image