Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li mennen yon gwo operasyon gason pa kanpe nan baz gang Vilaj de Dye a samdi 15 mas 2025 la.
Operasyon sa a te etann li tou nan zòn Fò Senklè, Teyat Nasyonal, pa twò lwen Elektrisite d Ayiti ki sou Bisantnè a.
Lapolis fè konnen operasyon sa a te jwenn apui plizyè blennde ak anjen lou blennde, epi li te mobilize plizyè inite espesyalize nan PNH la.
N ap note PNH la pa ko kominike okenn bilan pou operasyon sa a.
