Nan yon videyo li pibliye sou platfòm ofisyèl li yo, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) mande popilasyon an pa fè detraktè tout kalite ak bandi yo k ap chèche detounen atansyon sou diferan operasyon Lapolis yo.
Lapolis fè konnen bandi yo ki pran panik akoz operasyon l ap mennen patikilyèman nan Lwès ak Latibonit, yo itilize diferan platfòm rezo sosyal yo pou espoze materyèl Lapolis ki te deja nan men yo epi montre imaj ansyen cha Lapolis y ap boule.
Estrateji sa a bandi yo itilize a, mete sou fo enfòmasyon k ap soti tout kote, gen objektif pou jete konfizyon nan popilasyon an, daprè Lapolis.
Konsa, Lapolis anonse l ap prepare bilan operasyon li yo l ap gen pou li prezante nan yon ti tan ki pa twò long, pandan li envite tout moun pou verifye tout enfòmasyon ki konsène Lapolis sou diferan platfòm PNH la.
Yon lòt kote, enfòmasyon ki pa soti nan Lapolis ta fè kwè gen gwo operasyon k ap mennen nan baz gang kraze baryè depi maten 14 oktòb la. Daprè sa radyo Vision2000 rapòte, ta genyen anpil gwo kout zam nan zòn Tòsèl la, akoz echanj ant fòs lòd yo ak bandi baz gang kraze baryè yo.

