Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li arive libere twa timoun bandi ame yo te kidnape nan komin Kenskòf, epi li rekipere plizyè materyèl bandi yo te vòlò.
Liberasyon sa yo rive fèt nan kad operasyon Lapolis mennen sòti madi 13 pou rive jedi 15 me 2025 la, alòske timoun sa yo te deja pase yon kenzèn jou nan men bandi yo, daprè presizyon PNH.
Lapolis fè konnen tou li tanmen yon travay netwayaj nan Sou Komisarya Fisi a, epi li rekipere divès zòn gang teworis yo te okipe, retire pyèj yo te mete pou yo te kapab kontwole zòn yo pi byen.
Lapolis Nasyonal d Ayiti sèmante li p ap bat ba nan batay l ap mennen pou tabli sekirite nan tout peyi a.
