PNH lanse avi rechèch kont ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Alfredo Antoine

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) fè konnen y ap chache tankou ti patat nan branch yon seri sitwayen yo akize ki mele nan zak kriminèl, pami yo 2 ansyen palmantè.

Ansyen palmantè sa yo se ansyen senatè depatman Nip, Nenel Cassy, ki anba akizasyon konplo kont sekirite enteryè peyi a, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite ansasinay, epi asosyasyon malfèktè. PNH la presize li gen zam epi li pa manje anyen ki frèt.

Dezyèm ansyen palmantè DCPJ ap bouske tout kote a se ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, ki anba akizasyon konplo kont sekirite enteryè peyi a, finansman òganizasyon kriminèl, konplisite ansasinay, epi asosyasyon malfèktè. Lapolis presize tou li gen zam epi li pa manje anyen ki frèt tou.

Yon lòt kote Lapolis ap chèche kou chen fou sitwayen sa yo :

Youn yo konnen sou non Garry ki anba akizasyon anlèvman, kenbe moun kont volonte yo pou fè yo peye lajan, ansasinay, vyòl, trafik ilegal zam, trafik ilegal dwòg, ak asosyasyon malfèktè. Li menm tou li gen zam epi li pa manje anyen ki frèt.

Youn yo konnen sou non Bastien ki anba akizasyon anlèvman, kenbe moun kont volonte yo pou fè yo peye lajan, ansasinay, vyòl, trafik ilegal zam, trafik ilegal dwòg, asosyasyon malfèktè. Li gen zam epi li danje.

Derno Luckner ki anba akizasyon anlèvman, kenbe moun kont volonte yo pou fè yo peye lajan, ansasinay, vyòl, trafik ilegal zam, trafik ilegal dwòg, ak asosyasyon malfèktè. Li gen zam epi li pa manje anyen ki frèt.

Rinvilus Jameson alyas Janmdyòlè pou anlèvman, kenbe moun kont volonte yo pou fè yo peye lajan, ansasinay, vyòl, trafik ilegal zam, trafik ilegal dwòg, ak asosyasyon malfèktè. Li menm tou, li gen zam epi li pa manje anyen ki frèt.

Lòt moun PNH ap chèche tou se : Anélus Romario alyas Sesifi, Arissaint Élorge alyas Alonzo, Bastien Roberson, Cyprien Fanel, Derno Andressaint alyas Ti Leje, Geffrard Nicolas alyas Blanco, Joseph Sylverdieu alyas Adress, Rinvilus Guytho, youn yo konnen sou non Canes. Yo tout anba akizasyon anlèvman, kenbe moun kont volonte yo pou fè yo peye lajan, ansasinay, vyòl, trafik ilegal zam, trafik ilegal dwòg, ak asosyasyon malfèktè. Yo gen zam epi yo pa manje anyen ki frèt

Description de l'image