PNH lanse avi rechèch dèyè 3 moun pou move zak

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Santral Polis Jidisyè ( DCPJ) fè konnen l ap chèche kou chen fou 3 moun yo akize nan asosyasyon malfèktè, pouse moun al fè vyolans ak koneksyon ak gang.

Moun sa yo se Louissaint Jean Max ki gen ti non jwèt Ralph Laurent, Louissaint Kervens ak Prospère Beatha.  Lapolis avèti popilasyon an moun sa yo danje epi yo ame.  Li fè konnen Interpol ap chèche yo.

Lapolis mande tout moun ede l bare, nenpòt kote yo ta wè youn nan moun sa yo, pou yo pa ezite fè Lapolis konnen tousuit.

Lapolis tou kominike plizyè nimewo telefòn kote yo kapab kontakte li pou kominike li nenpòt enfòmasyon ki ta kapab pèmèt li mete men sou moun sa yo.

Description de l'image