PNH la anonse ranfòsman patwouy li yo nan Sant Vil Pòtoprens

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse jodi dimanch 2 fevriye 2025 la li ranfòse patwouy li yo nan divès zòn nab Sant Vil Pòtoprens

Nan sans sa a, plizyè inite espesyalize nan PNH la, tankou Inite Tanporè Anti Gang (UTAG), Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI), GIPHN/SWAT akonpanye ak seksyon anjen Lou Enstitisyon Polisyè a fè entèvansyon nan divès zòn Sant Vil Pòtoprens ki pèmèt fòs lòd yo rive debloke kèj wout nan zòn Mache Salomon, Chanmas, Ri Magloire Ambroise, Baz Relax Band, eks. 

Entèvansyon sa yo fèt nan objektif pou fasilite penetrasyon ajan lòd yo nan moman entèvansyon ak operasyon yo.

Pandan entèvansyon sa yo, bandi yo pa te manke tire kout bal ak lapolis.

Description de l'image