Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme li repouse plizyè bandi ki fè pati gang kraze baryè a nan zòn Laboul, komin Petyonvil, jou mèkredi 1e janvye 2025 la.
Daprè presizyon PNH la, se plizyè inite espesyalize Lapolis Nasyonal la, tankou : SWAT, BOID, UTAG, ki fè yon entèvansyon, mèkredi 1e janvye 2025 la, nan zòn Laboul, komin Petyonvil epi repouse gang kraze baryè a ki t ap tante antre nan zòn sa a pou simaye latwoublay nan mitan popilasyon an.
Atravè yon videyo Lapolis la pibliye, nou kapab wè plizyè ajan fòs lòd yo, an teni konba, k ap tire kout bal pou repouse bandi ame yo.

N ap souliye depi byen bonè nan maten mèkredi 1e janvye a, enfòmasyon t ap sikile kòmkwa bandi yo ta anvayi Laboul, patikilyèman zòn Makako, kote anpil moun pa te rive rantre an kontak avèk pwòch yo ki abite nan zòn sa a.
Jiska maten jedi 2 janvye a, yon abitan nan zòn nan te fè redaksyon Fyète Kreyòl Enfo konnen te gen anpil gwo kout zam ki t ap tire toujou.
