Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse jodi madi 7 janvye 2025 la li angaje nan yon seri operasyon ak entèvansyon pou li kapab rive mete yon fren nan zak kriminèl gang ame yo nan peyi a.
Nan sans sa a, PNH la fè konnen genyen polisye ki fè pati diferan inite espesyalize k ap brave danje nan konba kont bandi yo. Li fè konnen gen gwo pwogrè ki fèt nan konba sa yo, sitou nan depatman Latibonit kote Lapolis rive repranm kontwòl plizyè tèritwa ki te anba men bandi yo.
Nan depatman Lwès tou, PNH la fè konnen li pa sispann mennen aksyon tout moun ka wè pou li kraze gang ame yo. Konsa, li fè konnen polisye yo lage nan kò bandi yo nan komin Taba, patikilyèman nan Sent Filomèn ak Klèsin, epi nan komin Kwadèboukè, patikilyèman nan Santo ak Kwadèmisyon, san bliye Sant Vil Pòtoprens.

Lapolis la fè konnen li deplwaye nouvo estrateji pou li kapab ranfòse kapasite ajan yo pou mennen operasyon. Li fè konnen l ap kontinye kriye boulèt se pousyè nan goumen kont bandi yo pou lòd ak lapè kapab retabli nan peyi a.
