Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Latibonit (DDA) fè konnen aktivite yo rekòmanse fonksyone nòmalman nan plizyè zòn nan depatman Latibonit.
Nan yon videyo ki poste sou pak ofisyèl li yo, PNH la presize nan kad operasyon ak entèvansyon li reyalize nan depatman Latibonit pou rive demantle gang k ap opere nan depatman sa a, presizeman gang kokorat san ras yo, fòs lòd yo rekipere plizyè teritwa kote gang kriminèl yo t ap tante tabli baz yo, tankou Kafou Pèy, Kafou Kado nan Palmis ak Ponsonde, Kafou Gwo Chodyè ak Pat chwal.
Li fè konnen li rekipere komin Lyankou, Ti Rivyè, Vèrèt kote tout aktivite rekòmanse fonksyone nan zòn sa yo nòmalman.

Yon lòt kote PNH fè konnen tou li detwi divès pòs peyaj gang kriminèl yo te plase divès kote sou wout sou Nasyonal # 1 an pou chofè te peye pou yo ka pase.
Lapolis Nasyonal d Ayiti fè konnen li pa deside fè bak nan detèminasyon li pou retabli lapè nan tout peyi a. Nan sans sa a, li ranfòse patwouy li yo lajounen kou lannuit nan zòn li rekipere yo, sa ki fasilite divès aktivite sitwayen yo ki te paralize rekòmanse fonksyone nòmalman.
