Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) monte grad Pierre Louis Cangé ki vini Enspektè Jeneral epi ki tou enstale kòm Kòdonatè Sekirite Prezidansyèl nan Palè nasyonal lendi 3 novanm 2025 la.
Se kòmandan an Chèf PNH la, Mesye André Jonas Vladimir Paraison. ki te prezide seremoni sa a nan prezans pi gwo otorite Lapolis yo, pami yo Enspektè Jeneral Jean Maurest Étienne, Direktè pèsonèl ak Enspektè Jeneral Jacques Joël Orival, Direktè Santral Polis Administratif (DCPA). Te genyen tou manm pèsonèl Palè nasyonal ak kèk polisye nan asistans la.
Tousuit apre seremoni an, Kòmandman an Chèf la ak DCPA a te ale nan Viladakèy pou yo te kapab prezante nouvo Kòdonatè a bay Sekretè Jeneral Palè nasyonal la.

