PNH di se pa ti dega li fè nan kan bandi yo nan Savyen

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen anpil bandi bwè dlo bouch yo nan kad operasyon li mennen nan baz gang gran grif la nan Savyen dimanch 29 desamm 2024 la.

Daprè presizyon PNH la, se plizyè bandi ki tonbe nan tire kout bal ak fòs lòd yo, epi gen kèk ki rive chape poul yo. Nan menm okazyon an, fòs lòd yo rive repranm kontwòl plizyè zòn bandi yo te kontwole. An plis, yo boule yon kay ak yon espas komès ki te pou bandi yo. Lapolis la fè konnen pami kay ki detwi yo, genyen sa ki pou yon manm aktif gang gran grif la yo konnen sou non Benben, ak yon lòt ki pou yon lòt malfèktè yo konnen sou non Julcin.

Toujou daprè sa PNH presize, se nan baz gang gran grif la menm k ap opere nan Savyen fòs lòd yo te mennen operasyon sa a jou dimanch 29 desamm nan nan lokalite Labadi nan komin Ti Rivyè Latibonit, nan kolaborasyon ak Komisè Gouvènman Senmak la ki se Mèt Venson François

Genyen divès inite espesyalize PNH la tankou Inite Depatmantal Mentyen Lòd (UDMO) ak Gwoup Entèvansyon Polis Nasyonal (SWAT) ki te kondui operasyon sa a.

Nan kad operasyon sa a toujou, Lapolis fè konnen yo rekipere anpil bèt, tankou bèf, kabrit, kochon, bandi yo te vòlè epi yo ekspoze yo sou plas piblik Solidè a pou mèt yo te kapab vin reklame yo.

Yon lòt fwa, Lapolis la sèmante swasant disèt fwa sèt fwa l ap kraze plan bandi yo k ap teworize popilasyon an pou lapè ak sekirite kapab retabli nan tout peyi a.

Description de l'image