PNH di li touye plizyè bandi epi sezi 2 zam nan baz gang kraze baryè

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li touye plizyè bandi epi sezi 2 zam nan baz gang kraze baryè nan kad yon operasyon li mennen lendi 10 fevriye 2025 la.

Lapolis presize se yon operasyon pwennfèpa Inite Tanporè Anti Gang (UTAG) ak Brigad Entèvansyon ak Rechèch (BRI) te mennen nan objektif pou dechouke gang sa a k ap paweze nan Tòsèl.

Lapolis tou pwofite raple li detèmine pou li rapousuiv lit anti gang nan pou li kapab pèmèt sitwayen pezib yo al mennen aktivite yo nan kè poze.

Description de l'image