Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse vandredi 11 avril 2025 la li deplwaye inite espesyalize li yo nan vil Mibalè, nan depatman Sant la, apre atak bandi ame yo te fè sou popilasyon vil sa a.
Inite sa yo ale pote ranfò pou sa ki te deja sou plas ki t ap goumen ak bandi yo. PNH la fè konnen Responsab chak inite sa yo resevwa lòd nan men Direktè jeneral Lapolis la pou yo mennen operasyon pou mache pran bandi yo, pou pèmèt lapè ak trankilite retounen nan vil Mibalè.
Anplis inite ki angaje sou tèren an, PNH fè konnen genyen tou materyèl pou goumen Wo Kòmandman Lapolis la te voye sou plas pou pèmèt fòs lòd yo jwenn plis rezilta nan operasyon yo.
Nan sans sa a, Lapolis fè konnen gen polisye ki deja pran pozisyon nan zòn estratejik yo epi k ap avanse sou zòn yo sible yo.
