PNH : Chanjman nan chèn kòmandman an

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) opere kèk chanjman nan chèn kòmandman li. Se konsa Enspektè Jeneral Arol Enol Alphonse enstale kòm Direktè Santral Polis Administratif (DCPA), samdi 29 mas 2025 la, nan kad yon seremoni ki dewoule nan Sal Près DGPNH la, nan Klèsin 8, Taba

Se Enspektè Jeneral Peyo Smith ki te prezide seremoni enstalasyon sa a ki te fèt dèyè do ansyen DCPA a, Enspektè Jeneral Alain Auguste, ki pa te prezan nan okazyon an.

Yon lòt kote, Komisè Divizyonè Conseillant Gilbert enstale kòm Adjwen DCPA, toujou nan sal Près DGPNH la, nan Klèsin 8, Taba, sou direksyon Enspektè Jeneral Péyo Smith.

PNH la presize chanjman sa yo rantre nan kad jefò pou bay enstitisyon polisyè a yon nouvo souf pou li kapab kanpe pou fè fas ak sitiyasyon ensekirite n ap viv kounye a.

Description de l'image