PNH : Bilan ofisyèl dram Pako a

Fyète Kreyòl Enfo Tag

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li mete plizyè bandi nan wòl yo, epi gen 6 moun ki mouri, pami yo 2 militè, nan dram ki pase Pako mèkredi 23 avril 2025 la.

Lapolis fè konnen se nan kad yon operasyon ki te mennen nan Pako mèkredi 23 avril 2025 la avèk sipò yon ekip operasyon Team CAT nan palè nasyonal pou reponn atak bandi yo ki te lakoz anpil san manman te tonbe nan tire kout bal ak Lapolis.

Sa te lakoz tou 6 moun pèdi lavi yo nan menm okazyon an, pami yo 2 militè.

Apre dram sa a, Konsèy Tranzisyon an bò kote pa li soti yon kominike pou laprès kote li fè konnen li eksprime gwo tèt chaje li di li genyen devan atak moun ki gen gwo zam lou fè kont manm brigad Kanapevè, kote plizyè brigadye pèdi lavi yo, ak plizyè lòt ki soti blese.

Konsèy Tranzisyon an voye kondoleyans li bay fanmi ki nan lapenn yo ak pwòch yo epi li eksprime solidarite li bay tout viktim zak vyolans san non sa a, an menm tan li voye senpati bay tout popilasyon an.

Devan dram sa a, Konsèy Tranzisyon an pa manke renouvele menm angajman l ap renouvle depi yon lanne pou konbat tout kalte fòm ensekirite epi pou li retabli lapè nan tout peyi a.

Bò kote pa li, Primati a soti kominike pou laprès pa li kote li deklare Repiblik la se wozo, li pliye men li pa kase.

Nan kominike sa a Primati a deklare gouvènman Repiblik la koube li byen ba ak anpil emosyon devan memwa brigadye ak polisye ki tonbe nan Kanapevè ak Pako, pandan yo t ap akonpli devwa yo nan brave danje pou pwoteje popilasyon an.

Gouvènman an fè konnen nasyon an voye kondoleyans li bay fanmi yo, pwòch yo, ak frèdam yo. Primati a raple polisye sa yo mouri pandan y ap onore sèman yo te fè pou pwoteje ak sèvi popilasyon an, yo merite respè, paske sèvitè Leta pa mouri.

Description de l'image