PNH arete yon Nijeryen ak yon Ayisyen pou zak malonnèt

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li arete 2 moun ki enplike nan komèt zak malonnèt.

Se Lapolis Fwontyè Tèrès (Polifront), yon inite espesyalize nan PNH la, ki arete 2 moun sa yo Lapolis la t ap chèche. Arestasyon sa yo fèt an patenarya ak sèvis imigrasyon Repiblik Dominikèn.

Premye moun nan se Egbor Ik ki fèt 12 fevriye 1995 nan peyi Nijè. Yo te deja arete li nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan dat 7 jen 2022 paske li t ap transpòte kokayin. Apre sa li te fèmen nan prizon Kwadèboukè men li te vin sove lè bandi ak zam yo te poteboure sou plizyè prizon.

Lòt la se François James ki se moun Kabarè. Lapolis t ap chèche li pou zak ansasinay nan dat 28 jen 2018 nan Lafito, yon ti lokalite nan Kabarè, kont Giovani Charles, 19 lane, ak Voltaire Jean, 20 lane, epi asosyasyon malfèktè.

Zak sa a te komèt nan kad yon match foutbòl ant ekip Titanyen ak ekip Minotri. Daprè deklarasyon Jij de pè ki t al fè konsta kadav yo lè sa a, te gen lòt moun ki te pran bal, epi vagabon yo se te sis (6) an tou.

Arestasyon sa yo se bon kou pou Lapolis Nasyonal d Ayiti ki pwofite fè konnen li gen detèminasyon pou li retabli sekirite nan tout peyi a.

Description de l'image