PNH arete 3 moun yo akize nan move zak nan Latibonit

Fritz Poulard alyas Blan

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete 3 moun nan depatman Latibonit yo akize ki nan move zak, pami yo gen 2 pou mare sosis ak gang ame

Se Lapolis nan Senmak nan depatman Latibonit la ki arete Fritz Poulard alyas Blan pou asosyasyon malfèktè. Pandan Lapolis ap poze li kesyon, li avwe li konn sèvi ak yon zam ilegal pou komèt move zak, patikilyèman li deklare li te tire yon sitwayen nan pye ak zam sa a li di yon sèten Siwo te konn ba l kenbe.

Yon lòt kote menm Lapolis nan Senmak la arete Mervilus Judel alyas Anperè, moun Ti Rivyè Latibonit yo akize kòmkwa li se yon manm aktif gang Palmis yon chèf gang yo konnen sou non Jonas ap dirije.

Epi anfen Lapolis nan Senmak toujou arete Raymond Julmeus pou zak li komèt ki gen rapò ak gang gran grif k ap opere nan Savyen an.

N ap souliye Lapolis anonse yon lòt kote l ap rapousuiv operasyon li yo nan zòn Pènye ak Tòsèl nan depatman Lwès pou rive kraze gang kraze baryè. Nan sans sa a, PNH la fè konnen li retire plizyè pyèj ak barikad bandi yo te mete pou anpeche li rive nan baz yo.

Lapolis Nasyonal d Ayiti pwofite renouvle angajman li pou retabli yon klima sekirite nan tout peyi a epi li envite popilasyon an potekole avèk li pou rèv sa a kapab tounen yon reyalite.

Description de l'image